|
Achiv Ayisyen-Ameriken Nou dokimante anpil bagay ki konsène kominote Ayisyèn an, fason lap ogmante de jou an jou nan La Florid, jan moun yo ap fonksyone, pwoblèm ki egziste, ak pwogrè ki fèt.
Aksè a swen sante Sant-La fè piblisite sou jan moun ka gen aksè a sèvis sante. Nou jwen ajan sante ki la pou konekte Ayisyen yo a sèvis yo bezwen. Sant-la bay asistans nan ranpli fòm nan biwo’l la men’m pou Medicaid, KidCare, pou tout moun ki mande sèvis sa yo nan kominote-a.
Aksè a travay Pwogram ki bay asistans ak preparasyon pou kominote a kalifye pou li jwenn travay. Nou ede 1,187 moun nan premye 5 mwa pwogram nan komanse.
Angajman Sivik Sant-La bay seminè nan legliz ak nan lekòl yo sou kouman sistèm gouvènman Ameriken-an fonksyone. Objektif foròm ki òganize pou granmoun ak jen’n moun yo se pèmèt kominote-a patisipe aktivman nan tout bagay ki konsène’l. Sant-La fè prezantasyon pou gaye enfòmasyon nan la ri-a, li distribye anpil feyè pou ede moun yo nan plizyè domèn tankou zafè ledikasyon, dwa ak devwa tout moun genyen. Sant-La ankouraje tout moun nan kominote-a pou chita ansanm reflechi sou tout bezwen yo, epi, di mo pa yo, sou tout desizyon ki konsène la vi yo.
Bay Enfòmasyon epi voye moun kote pou yal pran sèvis Sant-La ofri tout Ayisyen ki nan Sid Florid bon jan enfòmasyon, epi tou li voye yo al kote pou yo pran sèvis yo bezwen
Dokimantasyon ki chita sou bezwen ak la vi nan yon kominote Sant-La fè sòti plizye dokiman konsekan pou kominote-a, tankou sa ki gen rapò a swen sante ak lòt sijè ki konsène Little Haiti (Ti Ayiti). Sant-La mete osèvis tout piblik-la, yon bilten ki bay enfòmasyon sou: resous ki genyen nan kominote Ayisyèn ki nan Sid Florid-la, sèvis òganizasyon yo bay, jan pou pran kontak ak yo. Sant La te fè anpil rechèch poul rive kolekte bon jan enfòmasyon sou la vi kominote Ayisyen an epi tou prepare ak fè soti dokiman sa yo.
Gaye enfòmasyon ak ledikasyon nan tout kominote-a Nou bay moun yo asistans ak enfòmasyon sou anpil bagay konsekan tankou: kouman pou leve timoun, ede moun re-òganize yo apre yo fi’n sot anba yon move tan, ede moun ki viktim krim ak vyolans, moun kap chèche yon lavi myò, sipòte moun ki bezwen jwen’n èd pou zafè swen sante ak transpòtasyon.
Konpetans pou’n ede lòt òganizasyon nan zafè jesyon Sant-La sipòte lòt òganizasyon de baz yo, nan bayo fòmasyon pou òganizasyon imanitè sa yo ka rive jere travay yap fè pi byen.
Louvri je moun sou kouman pou jere lajan ak lòt byen yo genyen Sant-La òganize seyans travay sou zafè: fè ekonomi, epi tou jere lajan ak byen moun genyen. Sijè ki debat yo se: kouman pou moun jere bidjè, kredi kat, mògej ak prè la bank`. A travè yon kanpay ki batize ‘’ Kanpay Pwosperite ,’’ Sant-La ranpli ennkònm taks pou moun, gratis ti cheri.
Oganizasyon/Gwoup ki met tèt yo ansan’m pou yo travay Sant-La devlope yon rezo kote yon group patnè mete sou pye bon jan estrateji pou ede kominote Ayisyèn-nan, chèche solisyon ki korespon’n a bezwen yo.
Plede kòz ki pou fè kominote-a jwen pi bon lekòl Sant-La ap batay pou ka gen bon jan chanjman nan zafè ledikasyon pou kominote-a, epi tou, pou kominote sa-a ka gen mo pal poul di, nan tout sa ki konsène lekòl ki nan vwazinaj-li.
Pwogram Ranfòsman pou paran Yon pwogram ki vize paran ki gen pitit 10 a 14 zan pou ede yo rete soude pandan adolesans pitit yo.
|